Trètman


Trètman kansè ren baze sou kalite kansè ren ki dyagnostike a, sante jeneral ou ak istwa medikal ou, ak anplè maladi a. Ou resevwa sèvis ekip pliridisiplinè espesyalis kansè nou yo k ap travay ansanm pou devlope yon plan trètman konplè pou ou. Yon sèl terapi ou konbinezon terapi ka jere kansè ren w lan.

Trètman pou kansè ren gen ladan l:

  • Nefrektomi Pasyal

    Operasyon sa jis retire timè a anndan ren an ak kèk nan tisi ki nan alantou l. Pwosedi sa ka anpeche pèt fonksyon ren an lè lòt ren an andomaje (ou si yo deja retire l).

  • Nefrektomi Radikal

    Operasyon sa retire tout ren an, ak tout glann adrenal la, tisi ki nan anlantou yo ak souvan gangliyon lenfatik ki tou pre yo. Nou souvan rekòmande l pou timè ren ki pi laj ou ki anpil. Espesyalis nan Sylvester ka jeneralman fè sa laparoskopikman ak robotikman avèk ti ensizyon ak tan retablisman ki pi kout.

  • Nefwoureterektomi

    Teknik chirijikal sa ede nan ka kansè selil tranzisyonèl pèlvis renal ak iretè. Nou retire ren an, iretè ak blasa vesi a. Yo ka fè pwosedi sa tou robotikman avèk yon gwo degre presizyon.

  • Reseksyon Segmantè Iretè

    Pou kansè selil tranzisyonèl pèvis renal ak iretè a tou, pwosedi sa retire pati nan iretè a ki gen kansè a ak kèk nan tisi ki an sante ki nan anlantou li. Yo re-atache pwent iretè yo. Yo itilize trètman sa nan ka sipèfisyèl lè kansè a sèlman nan tyè enferyè iretè a, tou pre vesi a.

  • Ablasyon Radyofrekans (RF) ak Kriyoablasyon (Friz)

    Yo ka itilize tanperati ki wo anpil ou ba nan yon fason envazif minimal pou tiye selil kansè san operasyon.

  • Anbolizasyon Ateryèl

    Yo ka ratresi timè a avèk anbolizasyon ateryèl si operasyon pa posib. Nou kreye yon ti ensizyon ak plase yon katetè nan veso sangen ki sikile nan ren an. Yo relache ti moso yon jelatin espesyal pou bloke sikilasyon san nan ren an. Sa anpeche selil kansè yo jwenn oksijèn ak lòt sibstans yo bezwen pou grandi. Yo ka itilize l tou anvan yon operasyon pou fè operasyon an pi fasil.

  • Terapi radyasyon Ekstèn

    Teknik sa voye yon gwo nivo radyasyon presizeman ak dirèkteman nan selil kansè gras ak yon machin ki fikse sou kò a. Lè w konpare l ak lòt kansè, kansè ren yo plis rezistan ak radyasyon. Radyasyon estereyotaktik modèn reyisi simonte rezistans sa yo. Lè yo founi gwo dòz radyasyon pandan yon sèlman kèk grenn trètman ka bay kòm rezilta amelyorason kontwòl timè a ak doulè.

  • Kimoterapi

    Itilizasyon medikaman antikansè pou trete selil kansè travay, nan majorite ka. Kimoterapi entèfere avèk abilite selil kansè gen pou yo grandi ou repwodui. Yo ka bay medikaman sa yo nan venn ou nan bouch, sou fòm yon tablèt.

  • Terapi Biyolojik

    Yo rele l tou iinoterapi, metòd sa konbat kansè gras ak itilizasyon materyèl kò a fabrike, ou nan yon laboratwa, pou restore defans natirèl kò a kont maladi. Interferon ak Interleukin se de ekzanp medikaman biyolojik yo itilize nan trètman kansè selil renal.

  • Terapi òmòn

    Sa ede ajiste ou bloke lòt òmon natirèl kò a pwodui. Kalite terapi sa yo itilize l nan yon ti kantite pasyan ki gen kansè ren avanse.

  • Terapi Sible

    Ajan antianjyojenik pèmèt trètman kansè selil renal avanse. Sa anpeche veso sangen yo fòme yon timè, ki lakoz timè a mouri grangou ak sispann devlope ou ratresi. Antikò monoklonal ak inibitè kinaz se de ekzanp espesifik ajan antianjyojenik yo itilize nan trètman kansè selil renal.