Antanke pasyan nan Pwogram Adolesan ak Jèn Adilt (AYA), w ap resevwa sipò nan men yon ekip ekspè ki pran swen w.
Kowòdonatè AYA
Yon manm kle nan ekip swen w lan se Kowòdonatè AYA w la. Objektif Kowòdinatè AYA a se ede w navige nan pwosesis tretman kansè a epi jwenn sipò.
Kowòdinatè w la ap ede w ak plizyè aspè diferan nan swen w lan, tankou:
- Konekte w ak resous emosyonèl, finansye, ak byennèt.
- Ba w pouvwa pou w jwe yon wòl aktif nan tretman w lan epi sipòte w pandan w ap fè fas ak defi yo.
- Ankouraje kominikasyon efikas ak ekip swen klinik ou a, fanmi w, zanmi w, kominote a, ak lòt moun nan rezo sipò w la.
- Idantifye bezwen ou menm ak fanmi w.
- Anseye w ak fanmi w sou dyagnostik ou a ak opsyon tretman ki disponib yo, tankou opòtinite pou w patisipe nan esè klinik.
- Konekte ou ak plizyè pwogram espesifik AYA pou ede ou angaje ou ak lòt pasyan AYA yo.
Pou plis enfòmasyon, tanpri voye yon imèl ba nou nan sylvesterAYA@miami.edu.
Enfòmasyon pou kontakte nou
Adriana Alvarez
Travayè sosyal AYA
305-243-2572
Olivia Scott
Kowòdonatè AYA
305-243-4527
Ekip Swen ou
Lòt manm ekip swen miltidisiplinè ou a ap gen ladan yo:
- Akuponktè
- Terapis atizay, mizik, ak yoga
- Aumonye
- Espesyalis lavi timoun
- Fizyolojis egzèsis
- Konseye prezèvasyon fètilite ak founisè swen sante
- Konseye finansye
- Onkolojis, founisè swen sante pratik avanse, ak enfimyè onkoloji
- Founisè swen sante ki gen ekspètiz nan pwoblèm fètilite gason ak fi ak sante seksyèl
- Sikyat/sikològ
- Dyetisyen anrejistre
- Travayè sosyal
- Manm Ekip Sivivans lan