Kesyon? Nou la pou ede w.

Espesyal randevou nou yo prè pou ede w jwenn sa w bezwen an. Kontak nou jodiya.

Trètman


Avèk kansè fwa, gen yon varyete trètman ki ka itilize pou kont yo oubyen ansanm ak lòt trètman pou pwodui meyè rezilta pou kansè espesifik pa w la. Se pou sa dyagnostik ki byen fèt ak klasifikasyon etap yo enpòtan konsa. Espesyalis ou a ap eksplike chwa trètman w yo, ki degre siksè ki konte jwenn nan yo, ak risk ak efè segondè chak opsyon genyen.

  • Operasyon

    Yo pèfòme operasyon pou timè primè ki koumanse nan fwa a ak nan timè segondè (ki rele metastatik) ki vwayaje vin nan fwa a soti nan yon ògàn diferan tankou kolon an, poumon ou tete.

    • Epatektomi Pasyal: Pwosedi sa se pou retire yon pati nan fwa w. Rès tisi fwa a fonksyone tankou li te konplè epi ap regrandi nan majorite ka rive gwosè orijinal la ankò nan majorite ka.

    • Epatektomi Pasyal pa Etap: Pou timè ki laj ou pou plizyè timè, yo ka pèfòme operasyon an nan 2 etap. Yon ekip pliridisiplinè ki gen ladan l yon chirijyen ak yon radyològ entèvansyonèl ki travay ansanm.

    • Transplantasyon Fwa: Pou kèk pasyan ki gen kansè fwa primè ki koumanse nan fwa a (ak ki rete nan fwa a), chirijyen w lan ka rekòmande pou retire tout fwa a ak ranplase l ak fwa yon donè ki an sante.

  • Ablasyon

    Lè operasyon ka twò riske, ablasyon itilize teknik diferan pou detui tisi fwa ki anòmal, tankou:

    • Ablasyon Radiofrekans: Ond radyo ki gen anpil enèji chofe timè a pou touye selil kansè yo.

    • Ablasyon Etanòl (alkòl): Yo konnen l tou sou non enjeksyon etanòl pèkitane (percutaneous ethanol injection, PEI). Ye enjekte alkòl konsantre nan timè a pou tiye selil kansè yo.

    • Ablasyon Mikwo-ond: Yo aplike mikwo-ond dirèkteman nan timè a, sa ki pwodui chalè ki andomaje ak tiye selil kansè, oubyen rann yo plis sansib pou radyasyon ou terapi medikal.

    • Kriyoablasyon: Anba gidans iltrason, yo jele ak detui selil kansè yo.

  • Anbolizasyon

    Anbolizasyon se yon opsyon pou kèk pasyan ki gen timè yo a ki pa ka soti nan operasyon ou ablasyon. Anbolizasyon eseye bloke ou redui sikilasyon san nan selil kansè nan fwa a.

    • Kimoanbolizasyon: Founi timè a youn ou plizyè medikaman kimoterapetik konsantre ansanm ak yon ajan ki bloke veso sangen – tiye timè paske l enpoze l jwenn ak san pou nouri l.

    • Radyoanbolizasyon: Pwosedi sa sanble ak kimoanbolizasyon men avèk radyasyon olye medikaman.

    • Anbolizasyon Ven Pòtal: Yo souvan itilize l pou kandida reseksyon fwa ki nan limit la. Yo bloke kontak sangen an nan yon bò nan timè a, pou pèmèt lòt bò a grandi pou l vin gen yon gwosè ki konplètman fonksyonèl pou operasyon.

  • Terapi Radyasyon

    Zouti teknolojik avanse k ap travay pou yo gen ladan yo RapidArc®,yon teknoloji reyon ekstèn (yon machin ki deyò kò a k ap founi l) k ap livre terapi radyasyon ekstèn modile (intensity modulated external radiation therapy, IMRT). IMRT dimintye dire tan trètman jiska mwatye ak yon uityèm dire terapi radyasyon konvansyonèl la, ki pèmèt sible timè a epi diminye domaj sou tisi ki an sante yo.

  • Komiterapi (Terapi Medikal Sistemik)

    Yo ka ba w kimoterapi nan venn (enfizyon egwi) ou atravè yon konprime epi li se jeneralman yon konbinezon medikaman ki konbat kansè. Pafwa yo bay pasyan chirijikal yo kimoterapi apre pwosedi a pou elimine selil kansè ki rete yo ak redui chans pou kansè a retounen.

    • Si w bezwen kimoterapi nan venn (enfizyon), ou ka resevwa l nan Inite Trètman Konplè a (Comprehensive Treatment Unit, CTU) nan lokal prensipal Sylvester a nan lokal prensipal la nan Miami. Se yon inite 12.000 pye-kare ki gen ladan l 33 fotèy enklinab ak 11 sal prive. Ou ka pran trètman enfizyon w lan tou nan lokal Kendall, Plantation, Hollywood, Coral Springs, Coral Gables, ou Deerfield Beach.
  • Terapi Sible

    Trètman sa yo bati pou atake chanjman molekilè ki fè selil kansè yo grandi ak pwopaje. Yo bay kèk nan medikaman sa yo ansanm ak medikaman kimoterapi, pandan gen kèk lòt yo itilize pou kont yo. Objektif la se pou enpoze kansè grandi. Yo ka itilize terapi radyasyon pou ede kimoterapi rantre anndan timè a ak gen plis efikasite.