Trètman

  • Terapi òmòn

    Si yo rekòmande sa, lè w pran konprime òmòn tiroyid chak jou sa ka ranpli de fonksyon:

    • Kenbe metabolism nòmal kò w lè w ranplase òmòn tiroyid ki manke yo

    • Enpoze selil kansè yo grandi jan l desann nivo òmòn ki estimile tiroyid yo (thyroid-stimulating hormone, TSH).

  • IMRT (Intensity modulated radiation therapy) / terapi radyasyon entansite modile

    Fòm avanse terapi radyasyon ekstèn sa pèmèt espesyalis radyasyon bay dòz radyasyon yo fòm ak konfòme yo nan fòm ekzat timè w la genyen. Li ideyal pou timè tiroyid ki gen fòm ki pa regilye yo. Espesyalis radyasyon yo ka kontwole kantite radyasyon ki nan chak reyon ki sible timè a. Kontwòl ekzat ak fleksibilite IMRT a minimize kantite radyasyon ki ale nan tisi ki an sante ki tou pre a. IMRT ka yon opsyon si w pa ka fè operasyon epi si kansè w la kontinye grandi aprè trètman yòd radyoaktif la. Yo itilize l tou pou ralanti kwasans kansè ki pwopaje jouk nan zo yo.

  • Trètman Yòd Radyoaktif

    Ou resevwa trètman yòd radyoaktif sou fòm yon konprime oubyen yon likid ou bwè. Se selil tiroyid ou ak selil kansè tiroyid yo jeneralman ki absòbe yòd radyoaktif la, kidonk gen yon risk minim pou domaje lòt selil ki nan kò w. Yo ka itilize trètman sa aprè tiroyidektomi pou kansè tiroyid diferansye pou detui pati kansè tiroyid yo pa t retire pandan operasyon an. Yo pa itilize l pou trete kansè tiroyid nan mwèl ak anaplastik. Yo ka itilize l tou pou trete kansè ki retounen aprè trètman oubyen ki pwopaje nan lòt pati nan kò a.

    Pwotokòl trètman sa gen landa li:

    • Swiv yon rejim alimantè ki pa gen anpil yòd ladan l anvan ak apre trètman. Lè w swiv yon rejim alimantè ki pa gen anpil yòd ladan l pou anviwon sis semèn, nou ka asire n lè n eskane kò a l ap sèlman montre aktivite yòd yo ki nan trètman an men se pa sa yo ki nan manje ki rich ak yòd ou manje yo.

    • De enjeksyon entramiskilè òmòn ki estimile tiroyid (thyroid-stimulating hormone, TSH) ki rekonbinan pou prepare kò w pou trètman an.

    Pandan terapi radyoaktif, ou dwe pran prekosyon espesyal pou anviwon yon semèn apre trètman sa pou w pwoteje sante lòt moun. N ap mande w pou mete w an karantèn radyoaktif, ki ka se yon jou ou plis nan lopital la epi yon semèn lakay ou. Anplis, ou bezwen evite kontak kole ak lòt moun (patikilyèlman timoun ak fanm ansent) ak evite pataje kabann, prepare manje ou itilize espas twalèt jiskake radyasyon an soti nan kò w.