Trètman


Espesyalis okilè Sylvester yo fòme pou distenge ant melanòm entraokilè ak melanòm konjoktival. Yo trete de kansè sa yo diferan. Yo revize chak ka nouvo pasyan nan yon konferans ekip pliridisiplinè ekspè nan kesyon kansè je. Ekip espesyalis ou yo revize tout rezilta tès ou yo pou rekòmande yon plan trètman pèsonalize. Plan w lan ka gen ladan l yon konbinezon trètman sa yo:

  • Terapi Radyasyon Plak Lokalize

    Anviwon 95 pousan pasyan ki gen melanòm okilè tou de kalite yo resevwa fòm kiriterapi sa. Yo atache grenn radyoaktif nan yon "plak" — yon kalite ti disk piti. Yo plase l nan mi je a. Bò ki grenn yo yo plase l kont boul je a. Li founi radyasyon nan je a, pandan lòt bò plak la ede pwoteje tisi ki nan anlantou yo kont domaj radyasyon. Pandan pwosedi pou enplante plak la, onkolojis oftalmològ la ka biyopsize lezyon an pou ede detèmine lòt trètman ak swen swivi.

  • Operasyon

    • Enikleyasyon: Sa gen ladan l anlèvman je a ak pati nan nèf optik la. Yo ofri operasyon sa lè yo pa ka konsève vizyon, timè a pwopaje nan nèf optik yo, li laj anpil oubyen li lakoz gwo presyon anndan je a. Aprè operasyon, pasyan an jeneralman kalifye pou yon je atifisyèl pou egale gwosè ak koulè lòt je a.

    • Biyopsi Gangliyon Lenfatik Santinèl: Si yo sispèk kansè a pwopaje, espesyalis ou a ka fè yon biyopsi gangliyon lenfatik santinèl, yon pwosedi chirijikal pou analize echantiyon gangliyon lenfatik pou depiste selil kansè. Gangliyon lenfatik santinèl yo se premye grenn gangliyon lenfatik kote yon timè drene. Chirijyen w lan ap enjekte yon materyèl trasè ki fè gangliyon lenfatik yo ou nod ki pi pre timè a parèt klere. Yo retire yo epi analize yo nan yon laboratwa. Si nod santinèl yo pa gen kansè, pi souvan li pa pwopaje epi li pa nesesè pou yo retire gangliyon lenfatik adisyonèl.

    • Fotokoagilasyon (terapi tèmal lazè): Yo itilize limyè lazè pou detui timè a ak alimantasyon san li. Yo itilize l sèlman pou trete timè ki piti.

  • Gwo Dòz Kimoterapi

    Lè timè okilè metastaze, yo souvan ale nan fwa a. Espesyalis Sylvester yo konpetan nan yon kimoterapi lokalize yo rele pèfizyon epatik pou trete kalite kansè okilè s ayo.

  • Terapi Sible ak Esè Kliniik

    Kèk melanòm pi souvan ka metastaze ou pwopaje nan lòt ògàn yo. Chèchè yo jwenn anviwon 70 pousan gen metastaz mikwoskopik. Pou rezon sa, y ap envestige kèk medikaman ki ka fè selil sa yo dòmi. Y ap teste yon klas, ki rele inibitè H-DAC nan plizyè esè klinik.

  • Siveyans Aktif

    Pou chak pasyan ki gen yon bon dyagnostik melanòm entraokilè, 10 nan yo tonbe nan pati gri a. Pati nan siveyans nou an enplike itilizasyon OCT (optical coherence tomography) pou gade pati sa yo. Rezolisyon wo li a ka detèmine efè l gen sou pati ki nan alantou l yo, ki endike melanòm, olye yon tach wousè. Li ka siveye prezans likid siretinal, ki ka yon faktè risk pou melanòm.