Trètman


Trètman kansè peni baze sou plizyè faktè endividyèl, ki gen ladan li eta sante global, istwa medikal ou, epi degre maladi an. Ou gen sèvis espesyalis miltidisiplinè pou kansè nou an ki pral travay ansanm pou devlope yon plan trètman konplè pou ou menm avèk maladi kansè ou an. Kalite trèttman sa yo genyen ladan yo:

  • Operasyon

    Pou tout estad kansè peni, operasyon se trètman ki pi popilè an. Sylvester Comprehensive Cancer Center bay kalite operasyon sa yo, ki baze sou dyagnostik egzat ou an.

    • Mikro operasyon Mohs: Nan pwosedi delika sa a, yo retire timè a sou po a nan epesè ki fen yo. Chirijyen an gade pwent timè sou chak epesè timè ki te retire nan yon mikwoskòp pou analize selil kansè yo. Kalite operasyon sa yo retire selil tisi ki an sante pi plis li kapab epi li souvan fèt pou retire kansè sou po.

    • Operasyon Lazè: Avèk yon reyon lazè, chirijyen an koupe tisi a san okenn san ladan, oswa retire kote ki genyen timè a.

    • Operasyon Kryo (Cryosurgery): Trètman sa enplike pou mete tisi ki pa nòmal lan fè glas pou detwi li.

    • Sikonsizyon: Si timè a sou po peni an, yo kapab retirel avèk sikonsizyon.

    • Eksizyon Lokal Laj: Operasyon an retire selil kansè avèk kèk tisi an sante ki kote li.

    • Anpitasyon peni an: Si kansè a nan kèk oswa tout peni an, chirijyen an ta dwe rekòmande yon penektomi an pati oswa total. Yo kapab mete yon lòt peni ankò.

  • Kimoterapi

    Objektif kimoterapi an la pou diminye selil kansè yo lè yo gaye nan lòt pati ki nan kò an. Li geri timè tou ki pa kapab geri avèk operasyon oswa terapi radiyasyon. Nan kèk ka, yo kapab itilize li pou diminye gwosè yon timè avan yon operasyon. Kansè peni estad 0 kapab jwenn trètman avèk kimoterapi lokal (yon losyon oswa krèm).

    • Si w bezwen kimoterapi nan venn (enjeksyon), ou kapab fè li nan Comprehensive Treatment Unit (CTU) nan lokal prensipal Sylvester ki nan Miami. Se yon inite 12.000 pye kare ki gen ladan li 33 chèz ki kapab kage ak 11 chanm prive. Si w prefere, ou kapab fè trètman pou enjeksyon ou yo nan Kendall, Plantation, Hollywood,Coral Springs, avèk Deerfield Beach locations.

  • Terapi Byolojik

    Terapi Byolojik – yo rele li tou byoterapi oswa iminoterapi – ki genyen lyen avèk sistèm imintiè w pou konbat kansè. Sibstans kò a ki te fèt oswa andedan yon laboratwa ogmante, dirije, oswa repare defans natirèl kò an kont kansè. Terapi byolojik lokal avèk imikimòd kapab itilize nan ka kansè peni an nan estad 0.

  • Terapi Radyasyon

    Trètman sa a an jeneral fèt anvan oswa aprè operasyon an, pou diminye yon timè oswa pou trete selil kansè ki rete yo. Si operasyon pa posib, terapi radyasyon pou kont pa li kapab trete kansè peni an. Terapi radyasyon deyò voye avèk presizyon yon gwo nivo radyasyon dirèk nan selil kansè yo lè l ap sèvi avèk yon machin ki mache nan kò a. Pafwa, radyasyon andedan yo rele kiriterapi kapab itilize pou voye radyasyon andedan yon timè peni. Trètman radyasyon yo fèt san doulè. Nòmalman yo dire sèlman kèk minit.