Kesyon? Nou la pou ede w.

Espesyal randevou nou yo prè pou ede w jwenn sa w bezwen an. Kontak nou jodiya.

Trètman


Klinik Displazi a nan Sylvester ofri dyagnostik ak trètman pou maladi pre-envazif aparèy jenital enferyè a, ak tout ekzamen ak trètman pou displazi anal lakay ni gason ni fanm.

Sèvis klinik disponid pou nenpòt fanm yo dyagnostike ki gen displazi kòl matris, vajinal ou vilvè. Nenpòt fanm ki gen fwoti (Pap smear) sèvikal anòmal ka kalifye tou pou evalyasyon. Sèvis klinik yo disponib tou pou ekzamen ak trètman displazi anal lakay gason ak fanm.

Sèvis yo gen ladan yo:

  • Swen ki fèt ak tan ak ki efikas pou tout fanm ki gen tès fwoti sèvikal anòmal avèk gason ak fanm ki gen risk pou ou avèk displazi anal.
  • Evalyasyon, trètman ak jesyon displazi sèvikal, vajinal, vilvè ak anal.
  • Seyans konsèy HPV ak displazi.

  • Konizasyon

    Pwosesis sa enplike anlèvman yon ti moso tisi ki gen fòm kòne nan kòl matris la ak kanal sèvikal la. Yo ka itilize l pou trete kasinòm in situ (sou plas) ak kansè kòl matris etap 1. Yo ka retire tisi a avèk yo n skalpèl, yon lazè, ou avèk yon pwosedi eksizyon bouk elektrochirijikal (Loop electrosurgical excision procedure, LEEP). Metòd LEEP la itilize yon bouk fen an fil avèk yon kouran elektrik pou retire tisi anòmal ak kansè.

  • Operasyon Robotik

    Onkolojis jinekològ Sylvester yo se ekspè nan itilizasyon operasyon robotik pou kansè kòl matris epi pèfòme plizyè milye pwosedi. Teknoloji avanse a bay chirijyen w lan pi gwo kontwòl ak presizyon, ki ka ofri mwens doulè ak retablisman ki pi rapid. Ekip chirijikal ou a seiveye w atravè tout pwosedi w la epi li prè pou ede w lè w bezwen. Jodiya, yo pèfòme prèske 80 ak 90 pousan nan operayson isterektomi robotikman. Nan kèk ka, yo ka konsève fonksyon ovè yo.

    • Isterektomi Total: Chirijyen an retire matris ak kòl matris pasyan an. Yo ka reyalize sa atravè vajen an, yon ensizyon nan vant, oubyen laparoskopikman atravè plizyè ti ensizyon. Souvan yo ka prezève fonksyon ovè yo, kidonk pale ak doktè w la.
    • Isterektomi Radikal: Nan pwosedi sa, chirijyen an retire matris la, kòl matris la, vajen siperyè a, ak parametriyòm nan, ansanm avèk gangliyon lenfatik rejyonal yo. Pale ak doktè w la, paske yo ka pa oblije bezwen retire ovè yo.
    • Trachelektomi Radikal: Yo ka itilize pwosedi sa ki espesyalize anpil pou trete fanm ki nan etap prekòs kansè kòl matris, ki toujou vle fè timoun. Aprè yo fin retire kòl matris la, yo atache matris pasyan an avèk pati ki rete nan vajen an, epi yo kreye yon pwen (yon may) pou aki tankou kòl matris la ak ouvèti matris la.
  • Biyopsi Gangliyon Lenfatik Santinèl

    Gangliyon lenfatik santinèl la se premye kote kansè a plis ka pwopaje soti nan timè a. Yon koloran yo enjekte tou pre timè a vwayaje atravè kanal lenfatik yo pou ale nan gangliyon lenfatik yo. Premye gangliyon lenfatik ki resevwa koloran an, yo retire l. Yon patolojis ekzaminen echantiyon an anba yon mikwoskòp pou verifye si gen kansè. Si yo jwenn selil kansè, li ka pa nesesè pou yo retire plis gangliyon lenfatik. Pwogrè nan domèn teknoloji rann depistaj gangliyon lenfatik santinèl vin 95 pousan ou pi wo.

    Onkolojis radyasyon Sylvester yo itilize teknoloji ki pi avanse a pou livre radyasyon ekstèn ou entèn nan timè kòl matris yo. Onkolojis radyasyon w lan ap diskiteki trètman ki pi bon pou kansè w la.

  • Terapi Radyasyon Kò Estereyotaktik

    Avèk terapi sa, nou itilize ekipman espesyal pou nou pozisyone w pou n ka livre radyasyon dirèkteman nan timè w la. Yo bay kantite radyasyon total la pandan plizyè jou atravè ti dòz tou piti. Sa limite domaj li ka koze sou tisi ki nòmal yo. Ekspè yo ap etidye kalite terapi radyasyon sa nan esè klinik pou kansè kòl matris peryodik.

  • Kiriterapi

    Nan kalite radyasyon lokalize sa, yon konsantrasyon gwo dòz radyasyon imedyatman antoure sous radyoaktif la, avèk yon desant radyasyon rapid ki ekspoze nan tisi ki tou pre yo. Nan kansè kòl matris, yo aplike sous radyasyon an avèk yon aplikatè entraiterin ou yon bag vajinal. Pou kansè kòl matris ki avanse lokalman, yo jwenn kimoradyasyon, kimoterapi kobine avèk ni radyasyon ekstèn ak kiriterapi efikas.

  • Kimoterapi

    Kimoterapi se yon konbinezon medikaman ki konbat kansè yo administre atravè venn (nan venn) ou nan yon konprime pou ka tiye selil kansè ki rete yo. Yo founi majorite kimoterapi pou kansè kòl matris ansanm ak terapi radyasyon.

  • Terapi Sible

    Terapi sible yo bati pou atake alterasyon molekilè ki fè selil kansè yo grandi ak pwopaje. Trètman sa yo gen potansyèl pou yo plis efikas ak gen mwens efè segondè pase kimoterapi. FDA apwouve plizyè terapi sible.