Trètman

  • Operasyon

    Operasyon se wout trètman yo jeneralman pran pou majorite kansè kolon ki nan etap primè yo. Avèk li, chirijyen yo chache retire tout timè a ak nenpòt selil kansè ki ta ka pwopaje nan tisi ki tou pre yo.

    • Reseksyon Segmantè: Pandan operasyon an, yo retire kansè a ak yon longè nantisi nòmal la sou nenpòt nan bò kansè a, avèknan gangliyon lenfatik ki tou pre yo tou. Majorite operasyon kolon kounyeya yo fè yo laparoskopikman ou robotikman avèk plizyè ensizyon tou piti, olye yo fè yon pwosedi chirijikal ouvè. Metòd sa diminye doulè apre operasyon an ak diminye tan retablisman moun nan.

  • Terapi Radyasyon

    Onkolojis radyasyon Sylvester yo itilize rteknoloji ki pi avanse a pou livre radyasyon deyò ak anndan timè kolorektal yo.

    • Radyasyon Reyon Ekstèn: Majorite trètman radyasyon kolorektal nan Sylvester se reyon ekstèn pa deyò kò a. Zouti teknolojik avanse k ap travay pou yo gen ladan yo RapidArc®,yon teknoloji avanse yo itilize pou livre terapi radyasyon ekstèn modile (intensity modulated external radiation therapy, IMRT). Sa dimintye dire tan jiska mwatye ak yon uityèm dire terapi radyasyon konvansyonèl la, ki pèmèt sible timè a ak plis ekzaktitid epi diminye domaj nan tisi ki an sante ki tou pre yo.

       

    • Radyasyon Entèn: Yo rele l kiriterapi (brachytherapy), kalite radyasyon sa yo itilize pou ti timè primè, avèk pwòp ak ki an sante ki antoure yo epi san evidans kansè nan gangliyon lenfatik yo. Kiriterapi enplike enplantasyon yon aplikatè radyasyon pandan yon ti tan kote timè a ye a ak livre dòz radyasyon lokalman, sou kèk entèval tan. Li pèmèt yon onkolojis radyasyon kenbe dòz radyasyon a lwen ògan sansib yo.

       

  • Komiterapi (Terapi Medikal Sistemik)

    Yo ka bay kimoterapi a nan venn oubyen sou fòm konprime epi l se jeneralman melanj plizyè medikaman ki konbat kansè. Si w bezwen kimoterapi nan venn (enfizyon), ou ka fè l nan Comprehensive Treatment Unit (CTU) a nan lokal prensipal Sylvester a nan lokal prensipal la nan Miami. Se yon inite 12.000 pye-kare ki gen ladan l 33 fotèy enklinab ak 11 sal prive. Si w prefere, ou ka pran trètman enfizyon w lan nan lokal Kendall, Plantation, Hollywood, Coral Springs, Coral Gables [MJ1] ou Deerfield Beach.

    Yo bay majorite kimoterapi aprè operasyon, avèk yon melanj medikaman yo pwouve ki travay byen ansanm pou kalite kansè w genyen an. Espesyalis ou ka rekòmande tou pou w itilize yon terapi estanda ansanm ak yon medikaman ki nan esè klinik.

    • HIPEC (hyperthermic intraperitoneal chemoperfusion): Sant Sylvester Comprehensive Cancer Center se premye sant nan Sid Florid ki founi kimoterapi ki chofe nan kansè ki pwopaje anndan kavite abdominal la. Yo fè trètman yon fwa sa nan sal operasyon an, imedyatman apre yo fin retire kansè a. HIPEC pèmèt yon konsantrasyon kimoterapi ki pi wo san efè segondè sistemik yo, li ogmante chans pou w kontinye viv san maladi pi byen pase kimoterapi sistemik. Pou kèk pasyan, se yon gerizon total.

  • Terapi Sible (Targeted Therapy)

    Terapi sible yo bati pou atake alterasyon molekilè ki fè selil kansè yo grandi ak pwopaje. Yo gen potansyèl pou yo plis efikas ak gen mwens efè segondè pase kimoterapi. Yo bay kèl nan medikaman sa yo ansanm ak medikaman kimoterapi, pandan gen kèk lòt yo itilize pou kont yo.

     

  • Esè Kliniik

    Kòm yon pasyan kansè kolorektal nan Sylvester, ou gen aksè ak plis nouvo trètman ak ki pi avanse pase nenpòt lòt kote a nan Sid Florid la. Si doktè w la panse yon esè klinik bon pou ou, li ka rekòmande l.