Trètman

  • Operasyon

    Yon operasyon kapab nesesè pou retire timè an.

    • Enikleyasyon: Lè kansè an parèt yon kote nan pankreya, operasyon sa a kapab retire kansè an sèlman.

    • Pwosedi Whipple (Pankreyatodwodenektomi): Yon pwosedi chirijikal ki fèt pou retire tèt pankreya ou an, vezikilbilè an, tou prè glann lenfatik epi pètèt yon pati nan vant la, ti trip, ak kanal bil, depann sou kondisyon ou. Chirijyen a kite ase nan pankreyas yo pwodwi ji dijestif ak ensilin.

    • Pankreyatektomi Distal: Operasyon sa a se pou retire kèk pati nan pankreyas a, ki gen ladan kò a ak ke an. Chirijyen an kapab deside pou retire larat ou. depann sou kondisyon w.

    • Gastrektomi Total: Operasyon sa a fèt pou retire tout vant lan nèt.

    • Selil paryetal vagotomi: Operasyon sa a fèt pou koupe nè ki lakòz selil ki nan vant lan fè asid.

    • Reseksyon Fwa: Operasyon sa retire yon pati oswa tout fwa a nèt.

  • Kimoterapi

    Avèk kimoterapi, medikaman la pou kanpe kwasans selil kansè yo swa touye yo osinon anpeche yo divize. Pran nan bouch oswa lage nan venn oswa misk (kimoterapi sistemik), medikaman kimoterapi yo rantre nan san epi chèche tout selil kansè ki chita nan kò an. Lè yo fè chimyoterapi an dirèkteman nan likid sefalo rachidyen, yon ògàn, oswa yon kavite kò tankou vant lan (kimoterapi nan yon kote), medikaman yo afekte selil timè ki nan zòn sa yo.

    • Si w bezwen chimyoterapi nan venn (enjeksyon), ou kapab fè li nan Comprehensive Treatment Unit (CTU) a nan lokal prensipal Sylvester a nan Miami, ki se yon inite 12.000 pye kare ki gen ladan l 33 chèz ki kapab kage ak 11 sal prive. Si w prefere, ou kapab pran trètman enjeksyon (piki) w lan nan lokal Kendall, Plantation, Hollywood, Coral Springs, Coral Gables, epi Deerfield Beach.

    • Terapi Cold Cap pou diminye Pèt Cheve: Sylvester bay terapi Cold Cap Terapi FDA apwouve pou diminye pèt cheve pandan kimoterapi. Terapi Cold cap mache lè yo refwadi po tèt ou pandan trètman an.

  • Terapi Òmòn

    Kèk òmòn kapab lakòz kèk kansè grandi. Tètman sa a retire oswa bloke òmò yo epi kanpe selil kansè k ap grandi yo. Si tès yo montre selil kansè yo gen kote òmòn kapab tache, yo rekonèt tankou reseptè, medikaman, operasyon, oswa erapi radyasyoni yo itilize pou diminye pwodiksyon òmòn yo.

  • Operasyon pou rapwoche bò atè epatik oswa kimoanbolizasyon

    Operasyon pou rapwoche bò atè an itilize medikaman, patikil piti, oswa lòt ajan yo pou bloke oswa redwi sikilasyon san an nan fwa a nan atè epatik lan (sèl veso sangen ki pote san an nan fwa a). Sa a fèt pou touye selil kansè k ap grandi nan fwa a. Timè an anpeche ou li jwenn oksijèn ak eleman pou li nouri li bezwen pou li grandi. Fwa a kontinye resevwa san nan pòtay venn epatik lan, ki pote san nan vant lan epi entesten an.

    • Kimoterapi ki fèt pandan operasyon pou rapwoche bò atè epatik lan rele kimoanbolizasyon. Medikaman kont kansè an enjekte nan atè epatik la nan yon katetè (tib fen). Yo melanje medikaman an avèk yon sibstans pou bloke atè a epi koupe sikilasyon san ki ale nan timè a. Pifò medikaman antikanse pran nan pyèj tou prè timè an epi sèlman yon ti kantite medikaman an rive nan lòt pati ki nan kò an.
  •  

  • Terapi Sible

    Terapi ki sible se yon kalite trètman ki itilize medikaman oswa lòt sibstans yo pou idantifye epi atake selil kansè espesifik yo san yo pa nwi selil ki nòmal yo. Kèk kalite terapi sible yo te kòmanse etidye nan sant trètman NET pankreyatik.

  • Swen Sipò

    Yo bay terapi sipò souvan pou diminye pwoblèm maladi a lakòz oswa trètman yo.