Trètman


Nan Sylvester Comprehensive Cancer Center, chak kansè gen yon pakèt trètman yo kapab itilize poukont yo oswa nan konbinezon pou bay rezilta ki pi bon pou kansè espesifik ou a, tankou terapi estanda avèk terapi novèl ki disponib sèlman nan tès klinik. Se pou sa analiz ki fèt avèk swen yo vrèman enpòtan.

  • Operasyon

    Operasyon se souvan premye trètman pou kansè glann salivè si yo dwe retire tout tisi kansè a.

    Zòn ki tou pre nan tisi ki mou yo dwe byen retire tou. Si kansè a gen chans rive grandi epi gaye byen vit oswa si li te deja gaye nan nè lenfatik yo, chirijyen a pral anjeneral retire nè lenfatik ki soti nan menm kwen ki nan kou an.

    Plis timè glann salivè yo grandi nan glann parotid la. Nè fasyal ki kontwole mouvman sou menm bò figi an pase nan glann sa a. Li vrèman enpòtan pou yo fè kalite operasyon sa nan yon sant kalifye tankou Sylverster.

    Sibmandibilè oswa kansè glann siblengal yo mande pou chirijyen Sylvester ou a fè yon ti koupe sou po a. Li retire tout glann salivè a epi souvan kèk nan tisi ki antoure l oswa zo yo. Nè yo ki pase nan oswa tou prè glann sa yo sansib. Nè sa yo kontwole mouvman nan lang ou avèk pati anba nan figi ou, pi byen pase sansasyon pou goute. Li vrèman enpòtan pou yo fè kalite operasyon sa nan yon sant kalifye tankou Sylverster.

    Operasyon rekonstriktif: Pafwa, operasyon tèt avèk kou yo kapab lakòz chanjman kosmetik sibstansyèl yo pandan w ap retire yon kansè. Espesyalis tèt avèk kou Sylvester w la ap planifye anvan nenpòt trètman kòmanse pou ni anlèvman kansè a avèk rekonstriksyon nenpòt zo oswa tisi.

    • Souvan pwosedi rekonstritif sa yo kapab itilize yon ti mòso pyès tisi, po oswa zo nan pwòp kò pa w pou ou sanble epi genyen yon aparans ki pi natirèl — tankou nan pati enferyè pye w, omoplat, lestomak avèk lòt pati yo.

    • Yon lòt opsyon se devlope yon ranplasman atifisyèl yo rele (pwotèz). Ekip kansè tèt avèk kou Sylvester a pral kolabore avèk pwostodontis nou an. Yon pwostodontis se yon dantis ki espesyalize nan fabrike ranplasman pou dan avèk lòt estrikti fasyal.

    • Pati pwotèz fasyal espesyal yo kapab fèt pou ou tou lè sa nesesè. Pwotèz sa yo fèt pou fè yon sèl avèk figi w, tèt ou, epi kou w.

  • Terapi Radyasyon

    Terapi radyasyon yo kapab itilize tankou trètman prensipal la (poukont oswa avèk kimoterapi) pou kèk kansè epi gland salivè yo pa kapab retire avèk operasyon. Li kapab sèvi aprè operasyon, oswa avèk kimoterapi, lè kansè an agresif, oswa sou moun ki gen kansè glisid avanse. Kimoterapi kapab ede pou sentòm tankou doulè, senyen, oswa pwoblèm vale.

    • Terapi avèk Reyon Entansite Modile (Intensity Modulated Radiation Therapy, IMRT): Ou benefisye nan eksperyans Sylvester kòm yon lidè mondyal nan trete kansè tèt epi kou avèk IMRT, yon fòm avanse terapi radyasyon reyon ekstèn. Terapi sa pèmèt espesyalis radyasyon bay dòz radyasyon yo fòm egzat ki konfòm an twa dimansyon avèk timè w la. Kontwòl ki presi avèk fleksibilite IMRT ede diminye kantite radyasyon ki ale antoure tisi an sante yo.

    Kimoterapi

    Kimoterapi pa souvan sèvi pou trete kansè glann salivè yo. kèk doktè kapab itilize li ansanm avèk terapi radyasyon pou eseye fè radyasyon an pi efikas. Pi souvan, li fèt sou pasyan kote kansè a gaye (metatasiz) nan ògàn byen lwen yo avèk sou pasyan ki gen kansè yo pa kapab kontwòle avèk operasyon epi terapi radyasyon. Kimoterapi redwi timè sou pasyan sa yo pafwa, men li pa sanble toujou gen chans geri kalite kansè sa. Medikaman kimoterapi nou itilize pou tèt avèk kou pasyan yo pa lakòz ou pèdi cheve.

    • Kimoterapi nan venn (enfizyon) disponib nan Comprehensive Treatment Unit (CTU) lokal Sylvester nan Miami an, ki se yon inite 12.000 pye kare ki gen ladan l 33 chèz ki kapab kage avèk 11 chanm prive. Si w prefere, ou kapab pran trètman enjeksyon w lan nan lokal Kendall, Plantation, Hollywood, Coral Springs, Coral Gables, ou Deerfield Beach.