Kesyon? Nou la pou ede w.

Espesyal randevou nou yo prè pou ede w jwenn sa w bezwen an. Kontak nou jodiya.

Trètman

  • Kimoterapi

    Kimoterapi se medikaman ki konbat kansè epi yo ka administre l nan venn ou atravè konprime. Yo ka rekòmande kimoterapi tou anvan operasyon, yo rele sa kimoterapi neyoadjivan, pou ede redui gwosè timè a ak amelyore rezilta operasyon an. Souvan, yo itilize plis pase yon medikaman an menm tan oubyen youn apre lòt pou detui diferan kalite selil kansè nan menm kansè tete a.

    Si w bezwen kimoterapi nan venn (enfizyon), ou ka fè l nan Comprehensive Treatment Unit (CTU) a nan lokal prensipal Sylvester a nan Miami, ki se yon inite 12.000 pye-kare ki gen ladan l 33 fotèy enklinab ak 11 sal prive. Si w prefere, ou ka pran trètman enfizyon w lan nan lokal Kendall, Plantation, Hollywood, Coral Springs, Coral Gables, ou Deerfield Beach.

  • Terapi Bone Frèt (Cold Cap Therapy) pou Minimize Pèt Cheve

    Sylvester ofri terapi bone frèt (Cold Cap Therapy), FDA apwouve l, pou redui pèt cheve pandan kimoterapi. Jan terapi a mache se refwadi yo refwadi bone a pandan trètman.

  • Terapi Sible (Targeted Therapy)

    Terapi sible yo bati pou atake chanjman molekilè ki fè selil kansè yo grandi ak pwopaje. FDA apwouve plizyè terapi sible. Si biyopsi w la montre ou pozitif pou reseptè HER2, y pa trete w avèk Èseptin (Herceptin) anvan operasyon, an plis kimoterapi a.

  • Esè Kliniik

    Esè Kliniik se etid rechèch ki teste avantaj nouvo medikman ou terapi kont estanda swen ki ekziste nan moman an. Pale ak onkolojis Sylvester w la pou w konnen si yon esè klinik bon pou ou.

    Gen kè rechèch klinik ki sijere Tykerb, yon medikaman sible HER2, ka yon terapi efikas pou trete kansè tete anflamatwa ki HER2 pozitif. Tykerb pètibe aksyon aksyon pwoteyin HER2 pou ralanti oubyen kanpe kwasans selil kansè. Etid aktyèl yo ap ekzamine si Tykerb se yon trètman efikas pou IBC, swa yo itilize li pou kont li oubyen avèk Taxol, yon medikman kimoterapi.

  • Radyasyon

    Si kimoterapi pa ede ratresi kansè a ak redui anflamasyon an, doktè w la ka rekòmande kimoterapi adisyonèl ou koumanse terapi radyasyon.

    Apre yon mastektomi, gen anipl chans pou w fè terapi radyasyon pou w detui nenpòt selil kansè ki rete dèyè nan zòn nan. Kantite ak dòz trètman an ap depann sou kijan kò w reponn ak kimoterapi ak Èseptin. Nan majorite ka kansè tete anflamatwa, doktè rekòmande terapi radyasyon aprè operasyon.

  • Operasyon

    Aprè w fin fè yon kimoterapi ak petèt terapi sible, tankou Èseptin, doktè w la ap detèmine kijan kò w reyaji ak trètman. SI kansè tete a amelyore, doktè w la ap pèfòme yon mastektomi radikal modifye, ki se yon operasyon pou retire tout tete a nèt ak kèk gangliyon lenfatik anba bra w. Depi IBC afekte tout pati sa nan po w ak tete w, operasyon pou konsève tete pa yon opsyon.

  • Mastektomi

    Yon mastektomi retire tout tete a kansè a afekte a. Chirijyen an ka retire youn oubyen plis gangliyon lenfatik anba bra w pandan operasyon an, oubyen kòm yon pwosedi nan pita, pou wè si kansè pwopaje.