Kesyon? Nou la pou ede w.

Espesyal randevou nou yo prè pou ede w jwenn sa w bezwen an. Kontak nou jodiya.

Trètman


Trètman pou adenokasinòm nan vant ak tib dijestif la depann sou dyagnostik ou a ak ka ekzat pa w la. Doktè w la ap revize rekòmandasyon yo avèk ou. W ap vin tounen yon patisipan byen enfòme nan planifikasyon trètman w lan. Opsyon yo gen ladan yo:

  • Operasyon

    Yo jeneralman trete adenokasinòm avèk operasyon pou retire nenpòt tisi glandilè ki gen kansè yo. Yo retire kèk tisi ki nan alantou a tou. Teknik operasyon envazif minimal ka redui tan gerizon ak minimize enfeksyon potansyèl. Operasyon se sèl trètman kiratif pou kansè gastrik. Yo souvan fè kimoterapi an premye anvan operasyon pou vant ak tib dijestif la.

    • Gastrektomi Soutotal: Yon gastrektomi soutotal se lè yo retire anviwon 80% nan vant ou. Yo konn bezwen gastrektomi total aprè sa. Y ap fè kimoterapi anvan operasyon an, pafwa aprè operasyon an pou tiye nenpòt selil kansè ki rete. Pasyan ki ap fè gastrektomi total ka toujou souvan genyen fonksyon gastroentestinal puisan aprè peryòd retablisman an.

    • Plasman andopwotèz andoliminal: Yo rantre yon andopwotèz (yon tib fen, ki itilizab yon sèl fwa) nan ezofaj la pou ka ouvri pasaj la rive jouk nan vant lan; oubyen yo plase yon andopwotèz soti nan vant lan ki mennen nan ti trip la. Lè yo ouvri nenpòt pasaj ki te bloke, w ap kapab manje ak resevwa bon jan nitrisyon.

    • Gastrojejinostomi: Nan operasyon sa yo retire pati nan vant lan ki gen kansè a ki bloke pati ki mennen nan ti trip ou a. Jejinòm nan fè pati ti trip la. Si kansè bloke li, manje ak medikaman pa kapab pase fasilman soti nan vant pou ale nan ti trip la.

    • Terapi lazè andoliminal: Yon andoskòp se yon tib fen ki klere. Li gen yon lazè ki konekte ak li. Yon fouye yon andoskòp nan pati ki bloke a. Nou itilize yon lazè nan plas yon skalpèl pou retire blokaj la.

    • Gastrektomi: Se yon operasyon ki pi konplèks pou timè ki pi avanse. Yon chirijyen ap retire vant ou ak atache ezofaj ou an ti trip ou. W ap resevwa yon preskripsyon pou medikaman pou ede jere malèz aprè operasyon ak pou diminye sentòm. W ap kapab manje yon ti kantite manje alafwa. Y ap ofri sèvis sipò adisyonèl kòm pati nan plan swen ak nitrisyon w lan.

    • Lenfadenektomi: Yo souvan retire gangliyon lenfatik rejyonal yo pandan operasyon vant lan paske kansè ka pwopaje.

    • Reseksyon chirijikal radikal: Yo resektab, oubyen yo ka retire yo gras ak operasyon, adenokasinòm primè. Sa gen ladan l anlèvman rezèv san timè a, gangliyon lenfatik yo, ak pafwa estrikti ki tou kole ak yo pandan operasyon an.

    • Kontou chirijikal lezyon ki bloke: Li disponib lè yon pwosedi chirijikal radikal ap yon risk pou kèk pasyan, depann sou timè a ou yon istwa medikal.

    • Operasyon andoskopik: Yo pèfòme anpil operasyon kansè gastrik avèk yon metòd envazif minimal. Chirijyen an fouye yon andoskòp (yon tib fen fleksib ki gen yon ti kamera atache ak yon limyè puisan) atravè bouch la ak ezofaj la. Yon andoskòp gen yon chanèl atravè l doktè a fouye kèk zouti pou kolekte tisi yo sispèk ou pou founi trètman. Konsa li ka itilize yon imaj timè a ki agrandi ak li ka travay ak ti enstriman pou retire l.

    • Operasyon laparoskopik: Chirijyen an ap fè twa oubyen plis ti ensizyon (5-10 mm) nan vant ou ki rele pò aksè. Yo fouye laparoskòp la ak ti enstriman chirijikal li yo atravè pò sa yo. Aprè sa chirijyen an itilize laparoskòp a, ki transmèt yon imaj ògàn abdominal la sou yon ekran monitè videyo, pou ka wè detay byen klè anndan tib dijestif la ak vant lan. Operasyon laparoskopik ofri w mwens doulè ak souvan mwens tan retablisman pase yon operasyon louvri tradisyonèl.

  • Terapi Radyasyon

    Yo souvan konbine terapi radyasyon avèk operasyon ak/ou kimoterapi pou trete adenokasinòm. Terapi radyasyon avanse itilize metòd ki baze sou imaj nan machin terapi radyasyon modèn. Ou ka resevwa terapi radyasyon anvan operasyon pou ratresi timè a oubyen aprè operasyon pou detui nenpòt selil kansè ki rete yo.

  • Kimoterapi

    Kimoterapi itilize medikaman pou detui selil kansè yo. Nou ba w lo atravè l yon tib yo fouye nan venn nan (IV) gras ak yon egwi, oubyen sou fòm konprime pou w bwè. Nou souvan kobine kimoterapi avèk lòt fòm trètman.

    • Nou ofri kimoterapi nan venn (enfizyon) nan Inite Trètman Konplè nou an (Comprehensive Treatment Unit, CTU) nan lokal prensipal Sylvester a nan Miami. Sa se yon inite 12.000 pye-kare ki gen 33 fotèy dodin ak 11 chanm prive. Si w prefere, ou ka fè trètman enfizyon w lan nan lokal Kendall, Plantation, Hollywood, Coral Springs, Coral Gables, ou Deerfield Beach.

    • Men kèk medikaman kimoterapi yo itilize pou kansè adenokasinòm, vant ou gastrik gen ladan l:

      • Cisplatin (Platinol)
      • Fluorouracil (5-FU, Adrucil)
      • Capecitabine (Xeloda)
      • Docetaxel (Docefrez, Taxotere)
      • Epirubicin (Ellence)
      • Irinotecan (Camptosar)
      • Oxaliplatin (Eloxatin)
      • Paclitaxel (Taxol)

  • Terapi Sible

    Terapi sible fokis sou trete jèn espesifik, pwoteyin ou anviwònman tisi ki kontribiye nan kwasans kansè a. Terapi sible bloke kwasans ak pwopagasyon selil kansè yo. Metòd sa ka ede diminye nenpòt domaj potansyèl nan selil ki an sante yo.

    • Terapi anti-anjyojenèz se yon ekzanp yon terapi sible. Li ede kanpe ou ralanti abilite selil kansè a pou l kreye nouvo veso sangen. Sa ede fè timè a "mouri grangou".

  • Iminoterapi

    Iminoterapi, yo rele l tou terapi biyolojik, ede ranfòse defans natirèl kò a pou l konbat kansè. Iminoterapi ka fè pati yon esè klinik. Doktè w la ap diskite opsyon sa si w se yon bon kandida pou metòd sa.

  • Swen Palyatif

    Yo ofri anpil terapi pou ede redui sentòm ak efè segondè yo anvan ou aprè trètman. Mande doktè w la pou opsyon kansè palyatif yo pou kansè vant ou an ak plan trètman w lan. Terapi sa yo ak opsyon sa yo ka ogmante kalite vi w pandan ak aprè trètman.

  • Esè Kliniik

    Ka gen nouvo trètman ki disponib atravè esè klinik yo. Sa yo se etid nouvo terapi ki ofri plis pwomès yo. Pale ak doktè w la pou konnen si esè klinik se yon opsyon pou ou.