Trètman


Kansè ezofajyen gen yon varyete trètman ki ka itilize pou kont yo oubyen konbine ansanm ak lòt pou pwodui meyè rezilta. Trètman pou tou de kalite kansè ezofajyen sa yo se menm opsyon an. Plan swen w lan ap baze sou ka endividyèl ou am istwa medikal, ak ki distans nenpòt kansè a deja pwogrese. N ap baze opsyon trètman tou sou ak ki agresivite selil kansè yo ap grandi. Yo rele sa mwayèn kansè a (cancer grade). Trètman aktyèl yo gen ladan yo:

  • Operasyon

    Yo jeneralman trete adenokasinòm nan operasyon pou retire nenpòt tisi grandilè ki gen kansè. Yo retire kèk tisi ki nan alantou a tou. Teknik operasyon envazif minimal ka redui tan gerizon ak minimize enfeksyon potansyèl. Operasyon se sèl trètman kiratif pou kansè gastrik. Yo souvan fè kimoterapi anvan operasyon vant ak kanal gastrik la.

    • Reseksyon mikozal andoskopik envazif minimalman (minimally invasive endoscopic mucosal resection, EMR): Pou kansè ezofajyen ki nan etap prekòs, yon gastroenterolojis pèfòme EMR sou randevou san ospitalizasyon. Yon andoskòp se yon tib fen ki fleksib kigen yon lantiy, limyè ak yon kamera ki atache ak li. Yo fouye yon andoskòp atravè bouch la ak anndan ezofaj la. Kamera a montre doktè a imaj byen detaye. Gastroenterolojis la ka rale ti nodil ou pati ki afekte; kapte yo nan yon ti elastik; epi koupe ak retire yo.

    • Ezofajektomi: Retire pati ki malad nan ezofaj la ak yon maj nan tisi ki an sante yo. Nan majorite ka, aprè sa fin fèt, yo rale vant lan monte ak konekte l ak rès ezofaj la. Nan ka ki pi konplike yo ka itilize yon pati nan trip la pou ranplase ezofaj yo retire a ak fè koneksyon an.

  • Komiterapi (Terapi Medikal Sistemik)

    Yo ka ba w kimoterapi nan venn ou atravè yon konprime epi li se jeneralman yon konbinezon medikaman ki konbat kansè. Kimoterapi se trètman prensipal pou kansè ezofajyen. Pandan dènye ane yo, plizyè nouvo medikaman ogmante opsyon pou kansè ezofajyen. Lè w fè kimoterapi ou kemoradyasyon anvan operasyon yo rele sa terapi neoadjivan.

    • Kimoterapi nan venn (enfizyon) disponib nan Comprehensive Treatment Unit (CTU) a nan lokal prensipal Sylvester a nan Miami, ki se yon inite 12.000 pye-kare ki gen ladan l 33 fotèy enklinab ak 11 sal prive. Si w prefere, ou ka pran trètman enfizyon w lan nan lokal Kendall, Plantation, Hollywood, Coral Springs, Coral Gables, ou Deerfield Beach.

  • Kimoradyasyon

    Terapi sa konbine kimoterapi ak terapi radyasyon pou ogmante efè tou de. Pou kansè ezofajyen, yo ka itilize kimoradyasyon anvan ou aprè operasyon. Li ka fè pati trètman an tou pou moun ki pa ka fè operasyon.

  • Terapi Sible

    Trètman sa yo bati pou atake chanjman molekilè ki fè selil kansè yo grandi ak pwopaje. Yo gen potansyèl pou yo plis efikas ak gen mwens efè segondè pase kimoterapi. Yo bay kèk nan medikaman sa yo ansanm ak medikaman kimoterapi, pandan gen kèk lòt yo itilize pou kont yo. Doktè w la nan Sylvester ap pataje avèk ou ki metòd ki pi bon pou kansè w la.

  • Terapi Radyasyon

    Majorite trètman radyasyon ezofajyen nan Sylvester se terapi radyasyon reyon ekstèn, yo bay deyò kò a. Zouti teknolojik avanse k ap travay pou ou yo gen ladan yo RapidArc®, yon teknoloji avanse ki itilize pou livre terapi radyasyon ekstèn modile (intensity modulated external radiation therapy, IMRT). Sa dimintye dire tan trètman jiska mwatye ak yon uityèm dire terapi radyasyon konvansyonèl la, ki pèmèt nou sible kansè a pi byen, epi diminye domaj sou tisi ki an sante yo.

  • Terapi Fotodinamik (Photodynamic Therapy, PDT)

    PDT itilize yon medikaman ki aktive ak limyè ak yon lazè pou tiye selil kansè yo. Yo ka itilize l pou trete kèk kansè ki nan faz prekòs. Yo pi souvan itilize l pou amelyore sentòm, tankou pwoblèm pou vale, lakay moun ki gen kansè ki avanse.

  • Terapi Lazè

    Terapi lazè itilize reyon lazè olye operasyon pou detui ak retire selil kansè.

  • Elektrokoagilasyon

    Trètman sa itilize kouran elektrik pou tiye selil kansè yo.

  • Kriyoterapi

    Kriyoterapi friz selil yon timè pou l ka detui yo.

  • Nitrisyon, Jesyon Doulè, ak Swen Sipòtif

    Ezofaj la se wout prensipal pou manje ak likid rantre nan vant lan. Moun ki gen kansè ezofajyen ka fè eksperyanse bezwen nitrisyonèl espesyal pandanak aprè trètman. Yo ka gen difikilte pou manje paske timè a oubyen efè efreyan trètman am ratresi ezofaj la. Yon tib pou manje ka ede pasyan yo jwenn nitriyan yo bezwen yo jiskake yo fin refè nèt.

  • Sipò Sikososyal

    Sant Couorlis pou Onkoloji Sikososyal (Courtelis Center for Psychosocial Oncology) nan Sylvester founi yon ekip pwofesyonè nan sante mantal ki gen ladan yo sikyat, sikològ, travayè sosyal ki lisansye, ak yon omonye pou ede w ak fanmi w fè fas ak kansè w lan. Pwogram sa adrese enpak relasyon lespri-kò sou sante, maladi, prevansyon ak retablisman. Pou w pran yon randevou, tanpri rele 305-243-4129.